Byenvini nan prezantasyon pwosesis pou fè yon demann nan Biwo pou endepandans ekonomik ki nan Depatman Timoun ak Fanmi Florida (the Florida Department of Children and Families Office of Economic Self-Sufficiency). Pòtay pou sèvis lib ESS la pèmèt kliyan an konekte avèk enfòmasyon pou èd piblik li yo 24 sou 24 ak 7 jou sou 7.
Ou ka fè yon demann èd apati nenpòt òdinatè ki gen koneksyon entènèt nan www.myflorida.com/accessflorida oswa nan youn (1) nan sit patnè kominotè nou yo. Ou ka ranpli yon demann sou papye epi ou kapab voye li nan kourye lapòs, fakse l oswa pote li tounen nansant sèvis kliyantèl ki nan zòn ou a tou.
Pou telechaje demann nan sou papye, tanpri al gade paj pou fòm yo.
Aplike pou benefis asistans piblik gratis. Kliyan yo ka aplike sou Entènèt gratis lè yo itilize Portal Oto-Sèvis pou Otonomi Ekonomik yo oswa lè yo vizite yon Patnè Kominotè DCF. Si w kwè yo te fè w peye yon frè ki pa apwopriye oswa si w sispèk fwod pou w rapòte w, tanpri fè sa nan lyen sa a: https://www.myflfamilies.com/service-programs/public-benefits-integrity/fraud/.
Pou jwenn yon patnè kominotè nan zòn ou an, tanpri vizite: https://access-web.dcf.state.fl.us/CPSLookup/search.aspx.
Lè w itilize Pòtay pou Sèvis Lib la ki disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7 se mwayen ki pi rapid pou fè chanjman oswa verifye estati avantaj ou yo, pandan w ap evite rete tann. Anplis, asistans vityèl Depatman Timoun ak Fanmi pare pou li ede kliyan yo pandan l ap bay yo enfòmasyon sou dosye a ak reponn kesyon yo genyen sou avantaj yo. Anplis ou gen aksè 24 sou 24 nan dosye ou a, ou kapab soumèt yon demann pou verifikasyon nan depatman an pandan w ap itilize fonksyon pou telechaje dokiman yo tou. Klike la pou konekte ak kont ou a. Si ou poko anrejistre yon kont, klike la pou anrejistre jodiya
Epitou ou kapab jwenn enfòmasyon sou demann oswa avantaj ou yo pandan w ap itilize sistèm repons otomatik ki nan 850-300-4323. Nimewo dosye oswa nimewo sekirite sosyal ak dat nesans ou nesesè pou jwenn enfòmasyon sou dosye ou a.
TANPRI SONJE - Ou ka bezwen omwen de (2) semèn anvan ou rele pou verifye nan ki pwen aplikasyon ou an rive.
Li kapab pran apepeprè 30 minit an mwayèn pou pifò kliyan nou yo ranpli yon demann anliy. Se metòd ki pi rapid pou aplike. Depi ou fin ranpli demann la, ou ka soumèt li dirèkteman nan Depatman timoun ak fanmi pandan w ap itilize opsyon pou siyati elektwonik la.
Tretman demann ou ka pran 30 jou (li ka pran plis tan si w bezwen yon detèminasyon envalidite sètadi yon desizyon ki konfime ou gen yon andikap). Nou ankouraje w enskri pou resevwa notifikasyon pa imèl. Depi ou chwazi opsyon sa a w ap resevwa yon alèt lè nou poste yon avi sou kont ou a. Si ou pa enskri pou resevwa notifikasyon nan yon imèl n ap voye avi ou yo nan kourye lapòs.
Gen lòt sèvis ki disponib pou ou nan lòt ajans ak òganizasyon yo. Klike la pou w wè lis lòt pwogram Eta a ak administrasyon ofri ki ka ede w.